Dokiman kreyòl ayisyen (Haitian Creole)

Mèt Kay/Lokatè (Landlord/Tenant)*

Remak: Yon kopi plent ant mèt kay ak lokatè ki gen siyati orijinal obligatwa pou jij distri majistral la. Yo ap mande ou peye frè pou depo ak frè pou sèvis lè ou depoze plent lan nan tribinal distri a. Yo pa ka fè okenn chanjman nan fòm sa a kit se nan sa ki ladan an kit se nan fòma a.

Pwoteksyon kont Abi (Protection From Abuse)**

Yon Òdonans pou Pwoteksyon kont Abi se  pou moun sa yo ki viktim abi yon moun ki nan kay, yon fanmi oswa mennaj plenyan an.

Yo ka pase yon Òdonans pou Pwoteksyon Viktim Vyolans Seksyèl ak/oswa Entimidasyon kont yon moun ki pa manm fanmi oswa menm yon etranje total. (Si ou ap depoze yon Petisyon pou Pwoteksyon kont Vyolans Seksyèl ak/oswa Entimidasyon, se pa petisyon ijan an, ou dwe soumèt tou paj kouvèti pou pwosè sivil defans an komen sou fòm pou paj piblik.)

Kowalisyon Pennsylvania Kont Vyolans Domestik gen yon videyo ki bay enfòmasyon ki rele "Òdonans Pwoteksyon yo Fonksyone Toutbonvre: Fason pou Jwenn yon Òdonans pou Pwoteksyon Sivil." Jij Kathy A. Morrow, ki se Prezidan Tribinal Defans an Komen Konte Perry/Juniata rakonte istwa vèsyon Anglè videyo a epi Teresa Sarmina, ki se Jij Tribinal Defans an Komen Konte Philadelphia rakonte istwa vèsyon Panyòl la. Videyo yo eksplike fason pou w jwenn yon òdonans pou pwoteksyon sivil.

REMAK: Pandan orè regilye tribinal la, ou ka voye kesyon yo bay Pwotonotè a. Si tribinal la pa disponib (sa vle di, apre biwo fin fèmen, jou wikenn, jou ferye), voye kesyon yo bay lapolis pou w konnen jij ki disponib la

Pwoteksyon Viktim Vyolans Seksyèl ak/oswa Entimidasyon (Protection from Violence or Sexual Intimidation (PSVI))***

*Landlord/Tenant and Expungement Forms: Se yon sibvansyon Eta Jistis Enstiti (State Justice Institute), Translation Project Implementation 21T018 bay ki rann posib tradiksyon dokiman sa yo nan douz (12) lang nou rankontre pi souvan nan sistèm jidisyè Pennsylvania a.

**Protection From Abuse Forms: Tradiksyon dokiman sa yo règ 1905 nan Règ Pwosè Sivil egzije selon Lwa sou Pwoteksyon kont Abi, 23 Pa. C.S.A. §6101 et. seq., nan onz (11) lang nou rankontre pi souvan nan sistèm jidisyè Pennsylvania a te posib gras ak yon sibvansyon ki soti nan pwogram Kwape Vyolans Kont Fanm yo, ki fonksyone anba Komisyon Pennsylvania pou Krim ak Delenkans. Pwogram Sètifikasyon Entèprèt AOPC a te jere pwojè a. AOPC rekonèt kontribisyon Premye Distri Jidisyè Pennsylvania, ki te kontribiye dènye fòm òdonans yo te tradui anvan epi pèmèt yo chanje yo nan fòma estanda epi bay yo kòm modèl pou yo itilize nan tout Eta a.

Yo te korije fòm Pwoteksyon kont Abi ki antre an vigè nan dat 10 avril 2019.

***Protection of Victims of Sexual Violence and/or Intimidation Forms: Pwojè sa a te jwenn sipò sibvansyon segondè PCCD nimewo 26422, Komisyon Pennsylvania pou Krim ak Delenkans (Pennsylvania Commission on Crime and Delinquency, PCCD) bay.